P1246990949KQNGd - PowerPoint PPT Presentation

1 / 28
About This Presentation
Title:

P1246990949KQNGd

Description:

NCLB School of Choice Parent Guide - SY07-1033 - Creole version. Gid ... Nwa. Pany l. Azyatik. Endyen etazini. El v ki soti nan fanmi ki defavorize ekonomikman ... – PowerPoint PPT presentation

Number of Views:96
Avg rating:3.0/5.0
Slides: 29
Provided by: whig3
Category:

less

Transcript and Presenter's Notes

Title: P1246990949KQNGd


1


NCLB School of Choice Parent Guide
- SY07-1033 - Creole version Gid paran pou Chwa
Lekòl daprè lwa Okenn timoun pa dwe rete
dèyè(NCLB)
Distri lekòl rejyon Palm Beach - April 2009
2
Pwogrè anyèl adekwa (AYP)
  • AYP detèmine ki lekòl ak elèv
  • Tit l ki kalifye pou chwa lekòl NCLB

3
Pwogrè anyèl adekwa (AYP)
  • Mezire Pwogrè tout elèv yo nan lekti, matematik
    ak konpozisyon
  • Mezire to gradyasyon
  • Lekòl la dwe fè omwen yon
  • mwayèn C oswa yon pi
  • bon nòt
  • Si lekòl la pa fè AYP nan tout domèn yo ak nan
    tout sougwoup yo, l ap peye konsekans yo

4
Pwogrè anyèl adekwa (AYP)
  • Pwogram NCLB a egzije tout lekòl pou mezire
    Pwogrè anyèl adekwa (AYP)
  • TOUT lekòl piblik resevwa pwen AYP yo
  • Lekòl ki pa gen-Tit I
  • Lekòl Tit I
  • Lekòl semiprive
  • AYP a mezire pwogrè nèf sougwoup

5
Nèf sougwoup yo
  • Elèv ki soti nan fanmi ki defavorize ekonomikman
  • Elèv ki pa pale anglè byen
  • Elèv ki gen andikap (SWD)
  • Tout
  • Blan
  • Nwa
  • Panyòl
  • Azyatik
  • Endyen etazini

6
Pou atenn AYP a
  • Lekòl la dwe fè yon mwayèn ki omwen C
  • EPI
  • 95 nan chak sougwoup dwe evalye
  • EPI
  • Chak sougwoup dwe rive nan nivo pousantaj ki
    tabli pou lòt endikatè yo mande (ekriti ak
    gradyasyon)
  • EPI
  • Chak sougwoup dwe rive nan nivo pousantaj
    konpetans ki tabli pou lekti ak matematik.

7
Objektif konpetans
8
Rapò pwogrè anyèl adekwa distri a

9
Si pa gen pwogrè anyèl adekwa (NAYP)Sa k ap
rive aprè?
  • Malgre TOUT lekòl jwenn yon mwayèn pou AYP yo, se
    sou lekòl Tit l yo sèlman li gen konsekans epi se
    lekòl sa yo ke yo idantifye kòm lekòl ki bezwen
    fè pwogrè Lekòl (SINI)
  • Aprè 2 ane konsekitif san pwogrè adekwa (AYP), y
    ap konsidere lekòl sa a kòm lekòl ki bezwen fè
    pwogrè (SINI)

10
Konsekans NAYP
Konsekans yo kimilativ. Yo aplike menm
konsekans yo chak ane, plis yo ajoute nouvo
konsekans yo.
11
Chwa paran yo nan rejyon Palm Beach
  • Yo bay tout paran ki gen timoun nan yon lekòl
    Tit l ki pa fè pwogrè adekwa pandan omwen de ane
    yon seri chwa pou edikasyon pitit yo

12
Dat enpòtan pou paran
13
Chwa lekòl NCLB
  • Poukisa pitit mwen kalifye pou chwa lekòl?
  • Timoun yo kalifye pou chwazi lòt lekòl lè lekòl
    ki gen pwogram Tit l yo ye a pa fè pwogrè adekwa
    (AYP) pandan omwen de ane konsekitif jan lwa
    Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè a (NCLB) mande li a.

14
Transfè chwa lekòl NCLB
  • Kisa mwen kab fè si mwen pa vle pitit mwen kite
    lekòl li ye kounye a?
  • Pitit ou pa oblije transfere nan yon lòt lekòl.
    Si w ta renmen li rete nan menm lekòl la, make
    chwa w fè a sou fòm nan epi voye l tounen nan
    lekòl pitit ou a ye kounye a.

15
Transfè chwa lekòl NCLB
  • Èske m kapab chwazi nenpòt lekòl nan rejyon
    Palm Beach la?
  • Non. Distri a responsab pou ba w lis
    lekòl pou w chwazi. Lè l ap plase pitit ou nan
    yon lekòl, Distri a ap fè tout posib li pou
    respekte premye chwa ou te fè kòm paran. Daprè
    lwa okenn timoun pa dwe rete dèyè (NCLB), se yon
    lòt lekòl piblik sèlman ou kab chwazi, oswa yon
    lekòl semiprive.

16
Transfè chwa lekòl NCLB
  • Èske tout pitit mwen yo kapab ale nan menm
    lekòl?
  • Sa posib. Y ap fè efò pou kenbe frè ak sè nan
    menm lekòl. Sepandan, daprè nivo akademik chak
    timoun, sa kapab nesesè pou mete frè ak sè nan
    lekòl separe.

17
Transfè chwa lekòl NCLB
  • Èske y ap bay mwayen transpò?
  • Wi, toutotan gen lajan kòm fon disponib.

18
Transfè chwa lekòl NCLB
  • Konbyen tan pitit mwen an kab fè nan nouvo
    lekòl la?
  • Pitit ou kab rete nan nouvo lekòl la jiskaske
    li rive nan dènye klas lekòl la genyen.

19
Transfè chwa lekòl NCLB
  • Èske pitit mwen an ap toujou jwenn
    transpòtasyon?
  • Sa posib. Men li pa obligatwa pou Distri a bay
    mwayen transpò ankò depi lekòl pitit ou a te ye
    avan an vin reyalize pwogrè anyèl adekwa nòmal
    pandan de (2) ane konsekitif.

20
Transfè chwa lekòl NCLB
  • Kisa k ap rive si mwen ta demenaje al abite nan
    yon lòt zòn nan rejyon Palm Beach laÈske m dwe
    deplase pitit mwen an mete l nan yon lòt lekòl?
  • Non. Sepandan, si ou demenaje al abite andeyò
    limit zòn lekòl la sèvi a, w ap oblije chèche
    pwòp mwayen transpò pa w.

21
Sèvis edikatif siplemantè (SES)
  • Kisa sèvis edikatif siplemantè a ye?
  • Sèvis edikatif siplemantè bay leson patikilye
    ak lòt sèvis akademik adisyonèl nan lekti ak
    matematik. Se ajans prive ki bay sèvis adisyonèl
    sa yo aprè lekòl, anvan lekòl oswa nan wikenn.

22
Kesyon anplis
  • Èske yo kab pran pitit mwen an nan SES, ak
    toujou kalifye pou chwazi lekòl?
  • Non. Ou kapab fè yon chwa sèlman.

SI W CHWAZI SES OU PA KAPAB CHWAZI POU TRANSFERE
NAN YON LÒT LEKÒL.
23
Sèvis edikasyon siplemantè (SES)
  • Kijan m ap fè konnen si pitit mwen an kalifye
    pou SES?
  • Pitit ou a elijib si li
  • ale nan yon lekòl Tit I ki pa fè pwogrè anyèl
    adekwa pandan omwen twa (3) ane oswa plis
  • te kalifye pou jwenn manje gratis oswa nan pri
    rabè

24
Sèvis edikatif siplemantè (SES)
  • Èske tout timoun ki kalifye ap resevwa èd SES
    si paran yo chwazi SES?
  • Sa posib. Genyen yon kantite lajan byen detèmine
    pou pwogram sa a. Elèv ki elijibi yo ap gen
    priyorite pou jwenn èd nan pwogram la anvan.

25
Sèvis edikasyon siplemantè (SES)
  • Kijan pou m chwazi pwogram SES pou pitit mwen?
  • Ou dwe chwazi opsyon SES nan fòm NCLB Choice
    Options Application la. Epi voye fòm nan
    retounen nan lekòl pitit ou a.

26
Sèvis edikatif siplemantè (SES)
  • Kijan pou m chwazi yon bon ajans ki ofri sèvis
    SES?
  • Distri lekòl la ap
  • voye enfòmasyon ba ou sou chak ajans Eta Florid
    la apwouve nan zòn ou
  • fè reyinyon pou ajan nan tout rejyon Palm
    Beach la pou sa kapab rankontre ak ajan yo

27
Kesyon anplis
  • Kijan pou m chwazi pwogram SES pou pitit mwen?
  • Lòt kesyon pou w konsidere
  • Ki distans lakay mwen a nouvo lekòl la?
  • konbyen tan pitit mwen ap fè nan otobis lekòl
    la?
  • Ki avantaj pitit mwen an kab tire nan LESON
    PATIKILYE a?
  • Èske pitit mwen an renmen lekòl li ye kounye a?

28
Kesyon anplis
  • Kijan m kapab jwenn plis enfòmasyon konsènan
    chwa yo pou pitit mwen an?
  • Ou kapab kontakte lekòl pitit ou a pou plis
    enfòmasyon
  • Ale sou sit entènèt distri lekòl rejyon Palm
    Beach la
  • http//www.palmbeach.k12.fl.us/NCLB/
Write a Comment
User Comments (0)
About PowerShow.com